Bwonch Egi
Founisè swen sante w la te di ou gen bwonch egi. Bwonch se yon enfeksyon oubyen enflamsyon vwa respiratwa ki nan poumon yo (bwonch yo). Nòmalman, lè a antre ak sòti byen fasil nan vwa respiratwa yo. Bwonch lan ratresi vwa respiratwa yo. Sa vin fè li difisil ni pou lè antre ni pou l sòti nan poumon an. Sa a bay sentom tankou souf kout, tous ki gen larim jòn oswa vèt, ak bri lè w ap respire.
Bwonch la ka kwonik oswa egi. Egi sa vle di li rive vit epi li ale nan yon ti moman. Kwonik vle di kondisyon an dire yon bon tan epi li tounen souvan. Anpil moun ki gen bwonch egi soulaje nan 1 oubyen 2 semèn.

Kisa ki lakoz bwonch egi a?
Souvan se yon viris tankou rim oswa grip ki lakoz bwonch egi a. Nan kèk ka, se yon bakteri ki lakoz li. Gen kèk faktè ki ka plis fè yon rim oswa yon grip tounen bwonch. Pami yo genyen lè moun nan jèn anpil, lè l granmoun, lè l gen pwoblèm nan kè oswa nan poumon, oswa lè l gen yon sistèm iminitè ki fèb. Ou ka gen plis chans pou w fè bwonch tou lè w fimen.
Lè bwonch la devlope, vwa respiratwa a vin anfle. Bakteri ka enfekte vwa respiratwa yo tou. Se sa a yo rele enfeksyon segondè a.
Sentom bwonch egi a
Sentom yo ka gen ladan yo:
-
Tous ki gen larim
-
Respirasyon ak bri
-
Ou santi souf ou kout
-
Doulè nan pwatrin
-
Lafyèv
-
Sansasyon fatig
Dyagnostik pou bwonch egi a
Founisè swen sante ou an ap poze w kesyon sou sentom ou santi yo ak sou istorik sante w. Y ap fè yon egzamen fizik pou ou. Sa ap mande pou l koute poumon ou yo pandan w ap respire. Yo ka fè yon radyografi nan lestomak ou pou yo chèche enfeksyon nan poumon w yo (nemoni) si w te gen lafyèv. Yo ka fè yon egzamen san oswa yon prelèvman nan nen oswa nan gòj pou ou tou pou yo tcheke si w gen enfeksyon.
Trete bwonch egi a
Jeneralman bwonch lan ap pase nan 1 oswa 2 semèn san tretman. Ou ka santi w soulaje lè ou:
-
Pran medikaman yo jan yo preskri w yo a. Pale ak founisè swen sante ou a anvan w pran yon medikaman san preskripsyon (OTC). Kèk medikaman OTC ki ede soulaje enflamasyon ki nan bwonch ou yo. Yo ka ti larim tou. Sa ki fè li pi fasil pou ou touse. Founisè swen sante w la ka preskri w yon inalatè pou ede w ouvri tib bwonch yo. Pran tout antibyotik yo preskri w yo jan yo di w pou w fè sa a. Majorite fwa yo, se yon enfeksyon viral ki lakoz bwonch egi a. Jeneralman, yo pa preskri antibyotik pou enfeksyon viral yo.
-
Mande founisè swen sante w la ki kantite likid ou dwe bwè. Bwè anpil likid, tankou dlo, ji, oubyen soup cho ka fè larim lan koule konsa l ap ka sòti lè w touse epi w ap ka respire pi fasil. Likid yo ka anpeche dezidratasyon tou. Men, gen kèk maladi ou genyen tankou maladi ren ki grav oswa pwoblèm kè, ka fè w bezwen limite kantite likid w ap bwè.
-
Itilize yon imidifikatè. Sa ka ede w diminye tous la.
-
Pran anpil repo
-
Pa fimen. Ni pa kite lòt moun fimen lakay ou. Lè ou nan espas piblik yo, rete lwen lafimen segondè yo.
Gerizon ak suivi
Fè suivi ak founisè swen sante w la. Li pwobab pou ou fè mye sou 1 oswa 2 semèn. Men ou ka gen yon tous sèk pandan yon ti tan ki pi long. Fè founisè w la konnen si ou toujou gen lòt sentom yo apa yon tous sèch apre 2 semèn. Di l si w gen enfeksyon nan bwonch souvan.
Konsèy pou w pran swen tèt ou
Pou ou soulaje sentom ou yo epi fè prevansyon pou bwonch lan:
-
Sispann fimen. Pa fimen se mezi ki pi enpòtan ou ka pran pou w trete bwonch lan. Si w bezwen èd pou ou sispann fimen, pale ak founisè swen sante w la.
-
Rete lwen lafimen lòt moun k ap fimen oswa lòt bagay ki iritan. Eseye rete lwen sant lafimen sigarèt, pwodui chimik, lafimen ki toksik ak pousyè. Pa kite pyès moun fimen lakay ou. Ret anndan nan jou lafimen izin yo polye lè a.
-
Evite enfeksyon poumon. Mande founisè swen sante w la enfòmasyon sou vaksen tankou vaksen pou grip ak nemoni. Pran prekosyon pou w evite rim ak lòt enfeksyon poumon. Rete lwen foul moun pandan sezon rim ak grip. Rete lwen lòt moun ki malad.
-
Byen lave men w. Lave men w souvan ak savon epi dlo pandan omwen 20 segonn. Itilize yon dezenfektan ki gen pou pi piti 60% alkòl lè ou pa ka lave men ou.
Lè pou rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante w la si w ou gen youn nan sa yo:
-
Ou gen fyèv ki a 100.4°F ( 38.0° C) oswa pi wo oswa jan founisè swen sante w la te di w la
-
Si sentom yo vin pi mal oubyen ou gen nouvo sentom
-
Sentom ki pa kòmanse soulaje nan 1 semèn
Rele 911
Rele 911 si ou genyen:
-
Difikilte pou w respire ki pa amelyore malgre tretman an
-
Po, po bouch oswa zong ki ble, gri oswa pal