Related Reading
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Tèt fè mal tansyon

Tèt fè mal tansyon an bay yon doulè soud epi pèsistan nan chak bò tèt yo. Ou santi doulè a tou nan kou a epi dèyè tèt la. Je w yo ka fatige tou. Gen anpil faktè ki ka deklanche tèt fè mal tansyon yo. Tankou:

  • Tansyon miskilè ak kontraksyon

  • Mank somèy

  • Move pozisyon

  • Fatig nan je (je lou)

  • Estrès

  • Depresyon

  • Anksyete

  • Dèyè kou fè mal

Yon fanm k ap mase dèyè kou a.
Mase misk kou w yo ka ede w soulaje tansyon tèt fè mal yo.

Pou ede prevwa tèt fè mal tansyon yo

Swiv etap sa yo:

  • Asire w ke anviwonman travay ou a fèt pou evite w fatig nan kou ak nan je.

  • Asire w ke preskripsyon linèt ou a ajou epi l koresponn ak travay w ap fè a.

  • Aprann fason pou w detann ou epi redui estrès emosyonèl. Sa yo gen ladan yo respirasyon pwofond, relaksasyon pwogresif, yoga, meditasyon, ak retroaksyon biyolojik.

  • Kenbe yon pwogram egzèsis regilye. Travay avèk doktè w la sou sa a. Egzèsis yo ka ede w kenbe kou w ak do w fleksib, fò, epi detann yo.

Pou soulaje doulè a

Swiv etap sa yo:

  • Itilize chalè imid pou detann misk yo. Kite kò w tranpe nan yon beny cho oubyen woule yon sèvyèt cho epi imid nan wonn kou w.

  • Pa bwose po tèt ou fò epi bwose l avèk yon bwòs ki pa di.

  • Ofri tèt ou yon masaj. Petri mis ki soti nan zepol ou yo pou ale dèyè kràn ou.

  • Itilize yon sak glas. Aplike l kote w santi doulè a egzat.

  • Repoze w. Dòmi souvan ede soulaje tèt fè mal.

  • Bwè anpil likid. Dezidratasyon an se yon deklannchè tèt fè mal. Pa bwè alkòl. Sa ap fè dezitratasyon an vin pi grav.

  • Itilize analjezik lè sa nesesè pou yon doulè ki soti nan modere rive nan grav. Pa pran medikaman pou doulè plis pase de fwa nan yon semèn. Sa a ede w evite tèt fè mal lè w pran twòp medikaman lakoz.

© 2000-2026 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by
Disclaimer